Pòtoprens, lendi 7 septanm 2026 – Polis Nasyonal Ayiti (PNH) anonse yon gwo kout filè nan kad operasyon l ap mennen pou retabli lòd ak sekirite nan kapital la.
Selon enfòmasyon ofisyèl yo, sis (6) bandi blese mòtèlman pandan yon operasyon fòs lòd yo te mennen nan zòn Estad Sylvio Cator, nan aswè dimanch 6 septanm 2026 la. Entèvansyon sa a te fèt nan yon kontèks kote PNH la ap miltipliye operasyon li yo nan plizyè zòn sansib nan rejyon metwopolitèn nan.
Nan kad menm operasyon sa a, lapolis rive sezi senk (5) zam manch long ansanm ak divès lòt materyèl. Pami materyèl yo sezi, genyen sakado, chajè, telefòn pòtab ak lòt efè pèsonèl ki te an posesyon prezime bandi yo, jan foto ki akonpanye nòt la montre.
Otorite lapolis yo pa bay plis detay sou idantite moun ki blese yo, men yo fè konnen operasyon an te byen siblé e li te dewoule san pèt nan kan fòs lòd yo.
Nan nòt enfòmasyon li pibliye maten lendi a, PNH la raple inite espesyalize li yo rete mobilize sou teren an. Yo toujou prezan 24 sou 24 pou kontinye batay kont gwo banditis la.
Enstitisyon polis la reafime detèminasyon li pou retabli lòd ak sekirite sou tout teritwa nasyonal la, malgre difikilte ak konpleksite sitiyasyon an.
PNH la envite popilasyon an kontinye kolabore ak fòs lòd yo epi bay enfòmasyon ki ka ede nan kad operasyon k ap mennen kont gang ame yo.
0 Commentaire