Nég Arab la jwenn arestasyon li jodi dimanch 7 jiyè 2024 la.
Se yon patwouy polis ki arete Myrtil Marcelin sou Dèlma.
Enfòmasyon yo fè kwè chofè moto ki te avèl la anba kòd tou.
Militan politik Arab se yon evade prizon. Li te sove nan Penitansye Nasyonal nan moman bandi yo te kraze prizon an, nan kòmansman mwa mas pase a.
0 Commentaire