Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Ministè Edikasyon Nasyonal mande lekòl yo pou finalize enskripsyon 9yèm ane yo an liy

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mande direktè lekòl yo pou yo finalize enskripsyon kandida 9yèm ane yo sou sit ofisyèl Ministè a.

Nan sans sa, nan yon kominike pou laprès ki pibliye ayè mèkredi 22 me 2024 la, MENFP a mande responsab lekòl yo pou yo peye frè enskripsyon pou chak elèv ki pral nan egzamen 9yèm AF. Montan se 1000 goud pou chak kandida, epi pote fich pèman nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) an, pou l ka otorize lekòl la finalize enskripsyon anliy sou platfòm ministè a pou kantite kandida lekòl la peye a

news-details

Valide, anliy, sou platfòm MENFP a, kantite kandida li peye a nan lis fòmasyon klas 9yèm AF epi pote lis elèv ki valide yo pou lekòl la nan Direksyon depatmantal la.

Daprè nòt la, pwosesis sa yo demare 22 me a pou fini 14 jen 2024 la.

Nap raple ke, egzamen 9yèm ane yo ap òganize ane a sòti nan dat 22 pou rive 24 jiyè a daprè kalandriye Ministè a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire