Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Yon pwofesè lekòl pèdi lavi l nan fiziyad ki te fèt sou bis anndan Matisan an

Se omwen Kat moun ki te pèdi lavi yo madi 7 me 2024 la, nan yon fiziyad ki te fèt sou bis anndan Matisan an.

Jeanloubert Luxamar, 34 lane, diplome nan Jeni sivil, se younn nan moun sa yo ki pèdi lavi l pandan l tap sòti fè lekòl nan Pòtoprens e li t ap ale lakay li Kafou, daprè ajans La Nouvelle ki fè konnen tou li se moun La Gonâve.

news-details

Plizyè lòt moun te sòti blese nan dram sa, ki jiska prezan poko fini klè sou kiyès ki tire sou bis sa ki asire trajè Sant vil Pòtoprens/Kafou.

Selon sa Mackenson Rémy, jounalis radyo Karayib fè konnen jodi jedi 9 me a, gen 2 pami moun sa yo ki nan yon eta kritik nan yon lopital nan kapital la.

Zak vyolans yo pa sispann ogmante divès kote nan peyi a. Pandan tan, materyèl pou Fòs entènasyonal la deja kòmanse antre nan peyi a e deplwaman an prevwa fèt fen mwa me a, selon enfòmasyon ki disponib yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire