Le Placentin
<
Flash
news-details
Éditorial

Garry Conille, yon Ariel Henry amelyore

Aprè tout peripesi peyi a te fin pase nan mwa fevriye ak mwa mas dènye, kote gang ame yo te fèmenl epi kite doktè Ariel Henry deyò, blan Meriken,Kanadyen, Fransè melanje ak Karikòm epi klas politik ayisyen an akouche plop-plop yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ki genyen 9 manb. Konsèy la li menm li chwazi premye minis Garry Conille pou te dirije gouvènman an. Anpil moun te panse ke pèp Ayisyen an ta pral resi soulaje anba lamizè, men sanble se te byen konte mal kalkile .

Pou yon ti Kout rapèl, doktè Ariel Henry pèdi pouvwa nan fen mwa fevriye 2024 la, aprè li te fin kite Ayiti pou li te al patisipe nan yon rankont “ Karikòm” epi poul te tou ale Kenya pou siyati akò sou kesyon fòs miltinasyonal la elatriye. Mouvman (DDN= Deyò Deyò nèt ) gang ak zam yo te tou arive pran chè epi bloke Newochirijyen an deyò. Plop-plop , Etazini, kanada, Karikòm elatriye rasanble dirijan politik tout plim , tout plimay moute yon konsèy Prezidansyèl ak 9 manb, 7 genyen dwa pou vote ak 2 obsèvatè , dèyè do dòk la, ki pat menm ka pou vin siyen lèt demisyon li.

news-details

Konsèy prezidansyèl la enstale nan palè nasyonal jou jedi ki te 24 avril 2024 la . Pou mennen tranzisyon an ak 2 tèt, konsèy Prezidansyèl te ouvri kandidati pou pòs premye minis . Nan yon bat je anviwon 70 pèsonalite te rive poze kandidati yo. Konsèy prezidansyèl la te rive redwi anviwon 70 kandida yo a 5, ki se te Fritz Bélizaire, Paul Antoine Bien-Aimé, Jean Rodolphe Joazil , Alix Didier Fils-Aimé ak Garry Conille. Epi chwazi Cinille kòm Premye minis.

Nan dat 12 jen 2024, gouvènman Garry Conille an te rive enstale avèk 14 minis yon premye minis. Aprè enstalasyon gouvènman, doktè Conille pat ezite pran baton pèleren li poul te mache vizite majorite bwat leta yo, epi fè pwomès a dwat a goch a pèp ayisyen an. Podyab popilasyon an ki nayif anpil ki tap tap espere chanjman te pran Conille pou yon bon papa, yo te genyen anpil espwa ke bagay yo tapral amelyore pou mas defavorize yo, SE TE BYEN KONTE MAL KALKILE.

Ensekirite a se pi gwo pwoblèm peyi a ap konfwonte depi kèk tan, sa koz popilasyon an pa kapab al regle aktivite li, pou mete espwa bò kote popilasyon an, doktè Conille deklare “ N AP REPRANN PEYI NOU AN MEN; KAY PA KAY, KATYE PA KATYE, VIL PA VIL ” se te yon deklarasyon ki te bay anpil espwa bò kote popilasyon an, men lè kèk moun ki gen kapasite pou reflechi wè kèk semèn aprè enstalasyon gouvènman an, ke se ansyen minis Nesmy Manigat doktè Conille chwazi pou dirije kabinè li, te kòmanse gen anpil wounou wounou nan lari a, malgre sa doktè a di timari pap moute , ti mari pap desann ,mouche Nesmy rete nan pòs li, donk anpil moun te kòmanse wè ke doktè Conille sou BLÒF, ke se yon Ariel Henry amelyore.

Pi douvan, konpòtman Pm nan kòmanse chanje, mesye Conille wè se nan batay pou l ye ak konsèy prezidansyèl ki te nome li a, nan panse pa li, li se pitit lejitim BLAN YO, anpil moun ki ap reflechi di se lwa “ one man show” a ki moute Pm Conille, nan sans Pm nan vle dirije peyi a pou kont li jan newochirijyen Ariel Henry tap dirije a, mouche Conille mete ti ekip pa li, pou fè pwopagann pou li, pou moutre ke se li menm ki bon, se li menm ki vle chanjman, se li menm ki vle pou peyi a avanse tout lòt se satan ledyab ( nan langaj Ayisyen), vwayaje a goch a dwat elatriye.

Arive jounen jodia, pèp Ayisyen an konstate ke pa gen diferans ant Premye minis Garry Conille ak Premye minis Ariel Henry. Aprè plis pase 3 mwa enstalasyon Gouvènman pa gen okenn van chanjman ki soufle, ensekirite ap vale teren, pandan ke premye minis Conille se minis enteryè tou menmjan ak Ariel Henry, tout moun ap mande kote lajan ransèyman pase ? kijan bandi yo vin pi alèz nan peyi a konsa??, doktè Garry Conille pa gen okenn bilan pozitif ni nan pwen vi ekonomik, sosyal, kiltirèl elatriye. Gouvènman ajenou , 3 vwayaj ofisyèl pandan 3 mwa lajan ( per diem) ap boule sou do popilasyon an, san okenn volonte pou chanje sa. Ki donk Garry Conille se jis yon Ariel Henry amelyore, AMELYORE paske non li pa site nan konivans ak bandi menmjan yo te konn site non Ariel , apresa se menm penpenp lan, 21, 31,41, menm tenyen an, ki gen menm entansyon pou peyi a rete konsa pou ensekirite pa rezoud pou yo rete sou pouvwa aprè 7 fevriye 2026.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire