Le Placentin
<
Flash
news-details
Culture

Rudy Sanon kite radyo Ibo, li anonse yon lòt emisyon sou lòt platfòm

Animatè emisyon "Kisa Nou vle" a anonse definitvman li kite radyo Ibo. Epi anonse emisyon pal sou rezo sosyal yo.

Rudy Thomas Sanon pran desizyon sa aprè Marie Raphaël Pierre ki te konn fè emisyon an avèl te deside ki te emisyon "Kisa Nou Vle" tou. Selon tout enfòmasyon yo 2 kolaboratè sa yo te gen ti pwoblèm ant yo e se youn nan rezon ki lakoz yo kite 98.5 lan youn aprè lòt.

news-details

Nan emisyon “Le rendez-vous“ ke Jounalis Assad Volcy anime, Rudy Thomas Sanon fè konnen ayè vandredi 3 me 2024 la, ke li kite radyo Ibo se pou l kapab retire PDG radyo a, Hérold Jean François anba tout presyon lap resevwa pa rapò a tip emisyon li te konn fè yo.

Ansyen animatè emisyon "Kisa Nou Vle" a anonse li pral fè yon lòt emisyon ki rele "Se Sa Nou Vle".

Li pa bay dat lap kòmanse, men selon sa li deklare nan mikwo jounalis Assad Volcy, nouvo emisyon sa pral difize sou tout platfòm Team Rudy Officiel yo soti lendi rive vandredi nan lè 8h am pou 10h am.

Jounalis Sanon renmen denonse anpil nèg ak fanm isit ki nan koripsyon, espesyalman sa ki nan leta yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire