Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

Yon Jèn Ayisyen pèdi lavi l nan peyi Meksik nan yon move kondisyon

Sanon Thérry MOISE , se non jèn gason sa a ki gen 23 lane sou tèt ki fè vwèl pou peyi san chapo dimanch 21 janvye 2024 la nan peyi Meksik pou koze fanm.

Daprè tout eleman enfòmasyon k ap sikile nan peyi Aztèk yo , jèn konpatriyòt sila t ap viv nan yon rejyon ki pote non Chimalakane ,e se nan yon ti plezi boutèy , bwase ren , banbòch mizik ki ta va lakoz li al pèdi lavi l nan sèn jalouzi pou yon fanm yon meksiken e li pran pran plizyè bal .

news-details

Aprè zak malonèt sa a sou jèn Ayisyen an tout suit dosye a vin yon ensidan diplomatik kote se yon koze ki pa rete nan yon senp resòtisan men pito yon dosye ki konsène 2 Eta yo e jiskaprezan Anbasad Ayiti peyi Meksik pa di pip ni tabak nan koze sila .

Se tout tan Ayisyen ki kite peyi a pou al chache kote lavi fè kwen swa nan peyi panyòl , swa nan peyi Chili, Brezil yo pèdi vi yo nan vye kondisyon ni moun ki se swadizan anbasadè ki reprezante yo pa fè tuit lè jan de ka sa yo prezante se pito pran plezi jui lavi epi diplomasi a Ayiti a ap peri.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire