Le Placentin
<
Flash
news-details
Administration

Premye minis Garry Conille fè gwo pwomès ak fanmi 3 polisye bandi touye nan Dèlma 18 la

Premye minis Garry Conille reyaji sou asasina 3 polisye UTAG yo. PM nan kondane zak kriminèl sa a pandan l promèt pou travay pou arete koupab yo.

"Frèm, sèm, konpatriyòt Mwen yo, se ak gwo tristès, a anpil endiyasyon mwen te aprann nouvèl asasina 3 polisye nan sèvis yo, dimanch 9 jwen 2024 la, pandan yo tap ranpli devwa yo. Zak babari sa se yon atak dirèk sou sekirite ak estabilite nasyon an", se sa Premye minis lan di nan yon videyo 3 minit.

news-details

"Mwen voye kondoleyans Mwen bay fanmi Polisye sa yo ki disparèt epi ak kòlèg ak zanmi yo. Mwen vle pwofite eksprime yon panse espesyal pou tout lòt polisye ki disparèt nan menm kondisyon sa. Mwen Pataje doulè yo nan moman gwo lapenn sa epi garanti yo sipò enkondisyonèl Mwen."

"leta ap sipòte fanmi viktim yo ak diyite, li pap abandone madanm ak Pitit polisye yo kite fè gwo sakrifis sa. Non ewo sa yo dwe rete grave nan memwa kolektif la kòm Moun ki gen kouraj devouman e ki sakrifye lavi yo pou pwoteje Kominote nou a." "Mwen kondane ak tout fòs zak kriminèl sa yo e mwen kontinye pran angajman pou m batay san pran Souf kont vyolans ak enpinite."

"Prese prese fòk nou mete lapat sou moun ki kòmèt Krim sa yo, arete yo epi trennen yo devan lajistis. Nou tout dwe mobilize pou lajistis blayi toupatou epou zak sa yo pa rive ankò." Pi devan, Premye minis lan fè konnen : "Lè gouvènmanm nan fòme epi kòmanse travay, mwen pral pran tout dispozisyon ki nesesè pou chèche tras tout bandi kèlke swa kote yo kache, yo dwe arete, yo dwe jije, e yo dwe kondane daprè lalwa, Mwen reyafime detèminasyon m pou m ranfòse mezi sekirite pou pwoteje Lapolis ak tout konpatriyòt nou yo épi kèlke swa etranje ki sou teritwa Nasyonal la."

"Moun kap travail pou asire sekirite n yo merite pwoteksyon ak soutyen pandan ke yap fè devwa yo. Mwen mande Popilasyon an ann pote kole ak otorite yo pou bay tout enfòmasyon ki ta kab ede nan arestasyon responsab zak atwòs sa yo." "Sekirite ak jistis se yon gwo konbit ki mande tèt kole pou garanti yon avni kote tout Moun gen menm dwa, épi kapab Viv san kè sote. Jodia, n'ap priye pou ewo sa yo ki disparèt pou fanmi yo ka jwenn fòs ak kouraj nan moman difisil sa yo."

"Sakrifis yo pa dwe initil, e se pou moman sa enspire nou redouble jefò pou n bati yon sosyete kote lapè, lajistis AK sekirite blayi toupatou. Lapè dwe retounen e m ka di nou, Ayiti nou an pap péri."

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire