Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi kriminèl yo demoli komisarya Mibalè a

Manm gang 400 Mawozo ak Jeff Gwo Lwa yo demoli komisarya komin Mibalè a.

Zak kriminèl sa rive jodi madi 15 avril 2025 la, plizyè jou aprè manm Kowalisyon kriminèl Viv Ansanm yo te atake epi pran kontwòl vil sa.

news-details

Yon lòt Komisarya ogmante sou lis sa yo te gentan boule ou byen kraze pandan anviwon yon lane ki plis pase yon dizèn.

Asayan sa yo te deja kraze prizon vil la epi mete tout prizonye yo nan lari. E nan kad atak sa majò prizon an te mouri anba bal.

Nap note pou ou tou vil Sodo anba kontwòl malfra yo tou.

Nap raplew ke nan diskou chèf polis la ,Rameau Normil , jou enstalasyon an li te ri rekreyasyon an fini.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire