Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Konsèy Prezidansyèl en Ayiti: Akò Montana denonse menas lanmò kont Dominique Dupuy

Estrikti politik "Akò Montana" di li denonse menas lanmò ak remak sèksis kont madam Dominique Dupuy, ki pouse l retire kò l nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

Nan yon nòt yo pibliye nan dat 25 mas 2024 la, BSA ki kwè yon sèl antite pa ka rezoud kriz peyi a ap fè fas la, apiye desizyon diplomat Dupuy a pandan l pwofite denonse detraktè li yo. «BSA a ap di ak tout fòs li entimidasyon, menas lanmò, denigreman moun, denigreman fanm an patikilye pa gen plas yo nan batay n ap mennen kont tout kalite vyolans nan peyi a. Demach Montana a pa sispann di politik dwe fèt yon lòt jan nan peyi a, sou yon baz etik, nan respè valè moun, nan valorizasyon travay chak sitwayen, chak sitwayèn fè pou pèmèt peyi nou an avanse».

news-details

«Nan kriz Ayiti ap travèse jodi a, okenn moun, okenn sektè pa ka panse se li menm pou kont li ki ta ranpòte yon viktwa politik nan moman an, sa ki ta ba I dwa pou li menm li ka fè vyolans, fè menas pou di kiyès ki gen dwa la, kiyès ki pa gen dwa la. Nan moman konsètasyon politik laj ki pèmèt nou rive nan premye pa òganizasyon politik tranzisyon ki se Konsèy Prezidansyèl la, li enpòtan nan sitiyasyon grav peyi a ye la a, kote yo mennen Leta ak tout sosyete a plat atè, pou règ jwèt yo klè, sou baz etik ak jistis, sou kijan pitit peyi andedan kou deyò ka pote kole», se sa nou Kapab li nan nòt la.

Nan sans Akò Montana estime lè a rive pou koupe fache ak vyolans nan relasyon politik, pou koupe fache ak diskriminasyon kont fanm e pi rèd ankò kont fanm ki angaje yo nan espas politik la.

Moun ki siyen nòt sa se: Magalie Comeau Denis, Jacques Ted Saint-Dic, Ernst Mathurin, Ginette Cherubin, Pierre Wilkens Cherismé ak Marie-Christine Stephenson.

Nap note pou ou Kowalisyon RED/EDE/Compromis chwazi M. Smith Augustin, anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn, pou ranplase Dominique Dupuy nan KPT a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire