Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Reprezantan (RED/EDE/Compromis Historique) la retire kò l nan Konsèy Prezidansyèl la

Dominique Dupuy ki se reprezantan RED/EDE/Compromis Historique nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an deside retire kò l nan inisyativ la. Desizyon sa vini nan yon moman kote kriz la pa sispann dejenere epi anpil sitwayen espere demach sa tap pèmèt peyi a rale yon ti souf anba tout kalte pwoblèm.

«Map remèsye pati politik RED/EDE/Compromis Historique ki te wè nan mwen yon aktè ki te ka iti l peyi a nan pwosesis sa, alòske Mwen pa yon manb nan okenn nan estrikti sa yo. Mwen rèmèsye yo dèske yo te fèm Konfyans san yo pat poze okenn kondisyon pou Mwen te kontribye nan jefò sa yo», se sa Dominique Dupuy deklare nan yon videyo 3 minit 32 segond li rann piblik jodi dimanch 24 mas 2024 la.

news-details

Selon sal di, li resevwa atak politik sou karaltè l, menas sou lavi l. «Patisipasyon m kòm sèl grenn jèn fanm nan mitan 8 gason fè fas ak de obstak sèten aktè vle chwazi kreye tankou aplike pwoziyon sou laj ki egziste nan konstitisyon amande 1987 la».

Selon enfòmasyon nou dispoze, RED/EDE/Compromis Historique ta dwe chwazi yon lòt pèsonalite rapid pou ranplase reprezantan pèman Ayiti nan UNESCO a nan KPT a.

Avèk retrè sa plis divèjans aktè yo genyen, enstalasyon Konsèy la sanble pa pou demen.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire