Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Pati Politik Pitit Desalin anonse gwo mobilizasyon pou lendi 29 janvye kap vini la

Nan yon korespondans ki gen dat resepsyon 24 janvye 2024 ki adrese ak Direktè lapolis nan Depatman Nò peyi a, Pati Politik Pitit Desalin anonse gwo mobilizasyon nan vil okap jou lendi kap 29 janvye kap vini la.

Daprè Pati Politik pitit Desalin, yo mobilizasyon ki pral fèt lendi 29 janvye kap vini la se pou lavi chè, ensekirite ak movèz gouvènans .

news-details

“Pliske oligachi ekonomik lan kontinye ap monte pri tout bagay nan peyi a. Pliske Gouvènman sanginè defakto ki la paka rezoud pwoblèm ki gen la yo. Pliske nan dènye akò Aryel Anri te pibliye nan jounal ofisyèl monitè mandal ap bout 7 fevriye 2024.“ Pou tout rezon sa yo Pati Politik Pitit Desalin mande lapolis akonpayman pou gwo mobilizasyon sa ki pral fet lendi 29 janvye kap vini la .

Pou fini, Pati Politik ki gen nan tèt li Moyiz Jan Chal la di yap rasanble kafou Madlin , won pwen Samari, vètyè, ri 22l anba ravin nan le 10è nan maten.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire