Gwo eskonbrit, tapaj pete aktyèlman la nan peyi Meksik deyò biwo imigrasyon ( komal) nan vil Tapachula jodi lendi 23 oktòb 2023, nan moman ensidan 2 Ayisyen rive jwenn arestasyon yo.
Ensidan pwodwi nan anviwon 8 è 55 nan lè vil Tapachula (Peyi Meksik) , anpil Ayisyen tap kreye dezòd, twoub, tapaj arebò biwo Imigrasyon ( Komal) nan vil la, epi lapolis nan Etat Chiapas arive arete 2 nan konpatriyòt sa yo maten lendi 23 oktòb la.
Se toujou yon sitiyasyon enpratikab devan biwo komal yo nan vil Meksik, kote ke genyen Plizyè milye moun ki ap fè demach pou genyen yon ti kat pou sikile nan peyi a san pwoblèm ak regle kèk lòt papye enpòtan yo, men malerezman konpatriyòt Ayisyen nou yo se souvan afiche jan de konpòtman sa yo, fè dezòd pou yo pase an premye, sa Koz 2 jenn gason Ayisyen ke redaksyon Jounal lan poko rive jwenn ideantite yo twouve yo nan men lapolis nan vil Tapachula.
Pou kounya , redaksyon Jounal la pa an mezi pou di ki sò 2 konpatriyòt yo ap gen pou sibi, ni si ap gen amann pou peye, Jounal la ap swiv dosye a de prè pou pote up-date pou lektè li yo .
0 Commentaire