Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi nan komin Petyon Vil piye kay yon ansyen depite

Bandi ak zam nan komin Petyon Vil piye kay Jounalis e ansyen depite Pierre Martin Tatoute.

Aksyon sa pase dimanch 21 avril 2024 la sou Wout Frè yo. Nèg ak zam yo te piye plizyè kay nan moman an pami yo rezidans Pierre Martin Tatoute ki se tou animatè emisyon maten deba.

news-details

Daprè sa ansyen depite sikonskripsyon Basen-Ble/Chansolm la fè konnen, nan moman atak yo li pat nan kay la. Se madanm li ki rele l ki d'il sa.

Bandi yo vòlè Telefòn, lajan, machin, ak aparèy elekrik kay la te genyen ladanl.

Bandi ak zam pa janm sispann atake epi piye kay divès kote sou wout Frè yo. Yon sitiyasyon ki lage Popilasyon an nan gwo tèt chaje.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


1 Commentaire