Yon lòt fwa ankò, bandi ak zam anvayi plizyè katye nan komin kafou, aswè Jedi 22 Fevriye 2024 a.
Abitan nan Bwochèt 99, 97, Sous Kowosòl, Waney 93 ak 87 konnen move moman anba men nèg ak zam ki pa sispann simen latwoublay nan zòn sa yo.
Anpil bri bal ap chante, nèg yo gentan boule yon bis, moun ap kouri kite kay yo, Ti machanm vole kite ti kòmès yo akoz bandi ki anvayi zòn sa yo.
Sitiyasyon an konplike nan komin Kafou, abitan yo rele fòs lòd yo pou vin pote yo sekou, paske yo pa gen kote pou yo ale, se twòp atò.
Anpil kout bal ap tire, bandi yo ap pran teren; sitwayen kap viv nan komin Kafou lage 2 bra pandye ap tann otorite yo foure bouch nan koze a pou wè si yo ta rale yon souf.
0 Commentaire