Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon anplwaye ministè finans touye tèt li pou yon mesaj ki moute sou nimewo telefòn madanm li

Jonathan se non yon anplwaye ministè finans ki ta arive touye tèt li aprè yon diskisyon ak madanm li Mélissa Mathurin jou samdi 19 dawout la, pou tèt yon mesaj ke yon moun voye sou nimewo telefòn madanm li Melissa Mathurin.

Gwo rèl nan Dèlma 24, aprè Jonathan te fin pann tèt li avèk tout sotwa masonik li sou li, tabliyel ak bib li bò kotel, pou tèt yon mesaj ke yon moun voye sou nimewo telefòn madanm li, jou samdi ki te 19 dawout la, Daprè sa madanm li rakonte.

news-details

“ Samdi a mte voye mete telefòn mwen nan chaj, li pran sim telefòn mwen an li metel sou pal la, li wè yon mesaj ki moute sou li, epi li relem li dim vin bal eksplikasyon de nimewo a, mwen dil depi sim nan pa sou bwat telefòn pam nan pou non an moute mpap ka konnen kiyès, m pa konn nimewo a nan tèt mwen , li di depim pa dil ki moun lap tiyem, m gen 5 minit poum pale, mdil sil pa sou bwat telefòn mwen an Mpap ka konnen kiyès, apresa li maye goumen ak mwen li banm yon kout Tèt li rale manchèt, se kay yon vwazin mte blije antre” daprè Melissa ki se madan Jonathan.

Toujou daprè madan Jonathan, Jonathan antre, li fèmen tout pòt , ak rad masonik li sou li, li fè priyè epi li vin jwenn li touye tèt li nan demen maten. Malgre madanm nan ki se Melissa Mathurain pat an mezi poul te di ak jounalis la ki sòt de mesaj Jonathan te arive jwenn sou nimewo telefòn li an.

Pou fini, madanm nan te blije pran laprès pou li poul te remèt lavil ak Lavi pitit li yo sou kont fanmi Jonathan, li fè konnen ke fanmi Jonathan ak chache l tankou chen fou, yo mete nan tèt yo ke se li menm ki ta touye Jonathan, de tout fason redaksyon Jounal la ap swiv dosye sa deprè, poul pote plis avanse pou lektè yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire