Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon chèf gang pase anba “Bwa kale” kèk èd tan aprè bandi parèy li te fin enstalel nan zòn nan

Kèk èd tan aprè bandi parèy li yo fini enstale l nan lokalite Bristou, chèf gang Mackandal pèdi lavi l jodi mèkredi 20 mas 2024 la.

Popilasyon sivil la touye epi boule chèf gang makandal, ki tap prepare l pou l kontinye simen la twoublay nan komin Petyon vil.

news-details

Nap raplew depi lendi 18 mas 2024 la, anpil fanmi deside kite komin Petyon vil paske bandi ak zam yo bay anpil pwoblèm. Yo piye, boule, Kidnape epi kraze brize nan divès lokalite.

Sitiyasyon sa se pa sèlman komin Petyon vil kap konnen li. Moun nan divès lòt komin yo nan depatman lwès la tankou Kwadèboukè avèk Pòtoprens ap viv menm sitiyasyon an.

Èske Lapolis ap rive retabli sitiyasyon sa yo lè n konn otorite yo toujou ap plenyen pou pwoblèm mwayen? Li rete pou n swiv.

Daprè popilasyon an se sou lòd chèf gang Barbecue Mackandal te arive enstale nan Bristou.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire