Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Konstriksyon Kanal Wanament: yon gwo atis nan HMI la pwomèt 3000 dola ameriken

Nan kad konstriksyon kanal nan irigasyon nan vil Wanament lan, ayisyen nan tout kouch , nan tout sektè nan tout 10 depatman mete tèt ansanm pou pote sa yo genyen pou rèv la reyalize , anpil atis pale fè tweet etc, aprè sipò konkrè ke Bourik The Latalay te pote bay popilasyon an nan Wanament, fwa sa se Widler Octavius alyas WID ki se ansyen chantè zenglen ki pwomèt 3000 dola ameriken pou konstriksyon Kanal la nan yon kominike li soti jodi lendi 18 sektanm nan.

“Prezidan Repiblik Dominikèn te anonse jedi ke li pral fèmen fwontyè ak vwazen l Ayiti apati de vandredi ak yon dispit sou yon kanal ki sou bò Ayisyen an ki ta itilize dlo nan rivyè ki sou fwontyè a. Se yon desizyon ke Repiblik dominikèn pa pran souvan, epi ki ka frape ekonomi de peyi yo , menmsi li pral plis santi an Ayiti” se konsa atis la kòmanse eksprime li.

news-details

Pi lwen atis la fè santi ke li paka rete endiferan de aktivite ki ap fèt Wanament lan “ kòm yon figi piblik nan endistri Mizik Ayisyen an, mwen menm WID, kanpe ak Wanament ak peyi mwen. Ayiti se lavi pou mwen e pa ka kanpe sou kote san m pa fè anyen

Nan sans sa atis la deside fè yon pwomès 3000 dola ameriken pou travay yo kapab kontinye “ Mwen nan pwomosyon ak “ Marketing “ nouvo albòm “Starboy” mwen an ki se yon trè gwo pwojè finansyèman. Men mwen vle fè sa mwen kapab kounye a, mwen menm WID, mwen pwomèt 3000 US ( twa mil) pou materyèl pou kanal la.Yap remèt lajan sa ak/oswa materyèl sa yo a moun ki responsab pwojè kanal la. “

Pou fini atis la envite tout kòlèg li yo nan HMI la pou yo ede jan yo kapab pou kontinye zèv kanal la

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire