Le Placentin
<
news-details
International

Ijan: Jeneral an chèf lame Kenya ak plizyè militè mouri nan yon aksidan

Gwo dram nan peyi Kenya. Jeneral an chèf lame Kenya, Francis Ogolla mouri nan yon aksidan elikoptè.

Aksidan sila rive jodi jedi 18 avril 2024 la, nan rejyon Sindar ant vil West Pokot ak Elgeyo Marakwet. Genyen 9 lòt militè ki pèdi lavi yo plizyè lòt sòti blese nan aksidan elikoptè sa.

news-details

“Jodi a 2:20 p.m. (11:20 a.m. UT), nasyon nou an te fè eksperyans yon aksidan lè trajik nan rejyon Sindar (...) nan Konte Elgeyo Marakwet. Mwen tris anpil pou m anonse lanmò Jeneral Francis Omondi Ogolla, chèf Fòs Defans Kenya yo,” se sa Chèf leta Kenyan William Ruto di aprè yon reyinyon Konsèy Sekirite a te òganize an ijan.

Aprè dram sa, otorite yo anonse apati vandredi kap vini la 3 jou dèy nan memwa viktim yo.

Nap raple , enspektè an chèf polis Kenyan Walter Nyankieya Nyamato te mouri nan chanm otèl li madi 13 fevriye 2024 la. Li te fè pati yon delegasyon pou yon reyinyon nan Washington sou misyon sipò sekirite miltinasyonal an Ayiti a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire