Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Kèk militan Pitit Desalin yo nan vil Okap eksprime fristrasyon kont lidè yo a, Moïse Jean-Charles selon yo menm ki trayi yo

Plizyè patizan Moïse Jean Charles te rasanble jodi 15 dawout la sou plas devan Katedral Okap la, nan lokazyon fèt Notre-Dame nan, pou manifeste kont lidè politik la. Militan yo akize Moïse ki, daprè yo, voye yo jete depi li fin nan pouvwa a aprè demisyon Premye minis Ariel Henry.

Se plizyè jenn gason nan Okap ki t ap eksprime kòlè yo dèske l pa janm voye zye gade yo pandan l ap souse manmèl la nan pouvwa Garry Conille lan. Sa ki plis endiye yo, daprè sa yo rakonte, se lè yo gade yo wè se menm ajan polis ki te konn ap tire sou yo nan manifestasyon yo ki tounen sekirite lidè a e k ap anpeche yo wè l lè yo bezwen l.

news-details

Pi lwen, mesye yo fè konnen ke yo te kwè nan ideyoloji ke Moïse Jean Charles tap preche a e ke yo kapab di ke pi gwo desepsyon yo te ka pran nan men l se lè yo vin konstate mank rekonesans li anvè yo menm ki te konn ap kraze brize sou lòd sekretè jeneral pati politik Pitit Desalin epòk mouvman leve kanpe pou chavire pouvwa ki te konn fèt nan nan vil la.

Akonpanye de Konseye Prezidan Vertilaire Emmanuel, si se pat konkou Lapolis, Moïse Jean Charles pa tap ka soti andan legliz la anba menas pwotestatè yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire


0 Commentaire