Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Ayiti/Koripsyon : Ansyen Premye minis Lapin prezante devan Lajistis

Ansyen Premye minis Jean Michel Lapin te prezante, jedi 13 jwen 2024 la, kòm temwen devan jij Merlan Belabre, nan kad dosye koripsyon CNE a.

Aprè odisyon li, Premye minis Lapin fè konnen Juge Al Duniel Dimanche t ap fè yon wout lalwa pa prevwa avèk dosye sa e se jij Belabre ki rekadre sitiyasyon an.

news-details

"Sou dosye materyèl ki pèdi yo, se sèl Direktè administratif bwat la ki kapab reponn kesyon sa," se sa li ajoute pou fè konnen li pa gen anyen pou wè ak koze sa.

Nap raple ke, nan kad dosye koripsyon CNE a, jij Al Duniel Dimanche te mete yon manda damne dèyè ansyen PM Jean Michel Lapin.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire