Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Platfòm politik Ann kanpe mande tout sektè mete tèt ansanm pou sove peyi a

Òganizasyon sosyo politik ANN kANPE mande pou tout fòs Viv peyi a chita bò yon sèl tab pou diskite je nan je, ak tout senserite pandan yap mete sou kote enterè pèsonèl, ti klan, dezakò idewolojik ak politik, yon mannyè pou retabli pi vit posib lòd konstitisyonèl ak demokratik nan peyi a.

Ann kanpe nan yon nòt pou laprès, eksprime ekyetid li pou fason moun pa janm sispann viktim divès kote nan gran vil yo. "Nan dènye ane sila yo, anpil moun kouri kite kay yo de (2) bra pandye akoz moun ak zam k ap toke kòn yo san rete (anviwon 310.000 deplase an desanm 2023 daprè OIM). Jodi a, aprè Matisan ak lòt zòn ki te gentan anba kontwòl moun ak zam yo, nou gen: Maryani, Kafoufèy, Sapoti, Kanaran, Ponsonde ak anpil lòt ankò ki pwolonje lis byen long "tèritwa pèdi" yo nan peyi a".

news-details

Nan sans sa, mouvman Cosmopolitan ANN KANPE di li rete makonnen ak ideyal papa Nasyon an ki chita sou byennèt chak pitit bout tè a, pou mande: pou tout fòs viv peyi a chita sou yon tab pou diskite tout bon Ayiti, sa vle di mete sou kote enterè pèsonèl, ti klan, dezakò idewolojik ak politik nan enterè siperyè nasyon an dekwa pou degaje ansanm fòmil ki ka pèmèt nou retounen pou pi vit nan lòd konstitisyonèl ak demokratik ki entèwonp twò lontan, yon fason pou evite Premye minis Ariel Henry pase plis tan nan tèt peyi a epi rive frennen sous ilegalite ak enkonstitisyonalite ap benyen ladan l depi gwo tonton kriz sa ki dire twòp !

Nan tann Chita pale sila a, ki ijan ak nesesè nou mande pou bay lame ak lapolis mwayen pou kwape fenomèn moun ak zam yo, yon mannyè pou pèmèt moun yo tounen lakay yo epi mennen aktivite yo jan sa te konn fèt anvan. Dayè, nan dènye mouvman leve kanpe yo, lapolis pwouve l gen enèji. Kidonk, li dwe deplwaye menm enèji sa a nan kad batay kont moun ak zam yo. Pandan yo pran distans yo ak tout zak ki depaman osinon pa kadre ak misyon l. Nan lespri sa, nou voye senpati bay fanmi, zanmi, ak tout pwòch jounalis Jean Jean-Marc.

Yon lòt bò, estrikti sa kwè li ijan ak nesesè bay lame ak lapolis la mwayen pou kwape fenomèn moun ak zam yo, yon mannyè pou pèmèt moun yo tounen lakay yo epi mennen aktivite yo jan sa te konn fèt anvan. Dayè, selon yo menm, nan dènye mouvman leve kanpe yo, lapolis pwouve l gen enèji. Kidonk, li dwe deplwaye menm enèji sa a nan kad batay kont moun ak zam yo. Pandan yo pran distans yo ak tout zak ki depaman osinon pa kadre ak misyon l.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire