Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Arete ki dwe nome 9 manm Konsèy Prezidansyèl la finalman pibliye nan jounal "Le Moniteur"

Arete ki dwe nome 9 manm Konsèy Prezidansyèl la ansanm ak tout dekrè kreyasyon KPT a finalman pibliye nan jounal ofisyèl "Le Moniteur", jodi vandredi 12 avril 2024 la.

Aprè plizyè semèn depi anpil sektè tap tann, gouvènman defakto an finalman deside pibliye arete a ak tout dekrè ki dwe nome 9 konseye yo, kap genyen pou enstale nan Palè Nasyonal nan jou kap vini yo.

news-details

Yon viktwa anplis pou konseye yo lèn konnen genyen kèk sektè ki pa mache nan demach sa kap vanse avèk sipò CARICOM, peyi Etazini, Kanada ak Lafrans.

Manm ki kapab vote: 1 - Kolektif 30 janvye : Edgard Leblanc Fils 2 - Akò Mnotana: Fritz Alphonse Jean 3 -Akò 21 desanm 2022 : Louis Gérald Gilles 4 - EDE/RED ak angajman politik ak alye : Smith Augustin 5 - Fanmi Lavalas : Leslie Voltaire 6 - Parti «Pitit Desalin» : Emmanuel Vertilaire 7 - Sektè Prive : Laurent St Cyr

Manm obsèvatè (sans droit de vote) : 8 -Ansyen konseye elektoral, Frinel Joseph 9 - Agrwonòm Régine Abraham

Manda yo ap fini pou pita 7 fevriye 2026.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire