Traka nan mitan yon fanmi nan komin Bomon, nan depatman Grandans. Josil Fitho, 39 lane, akize kòm moun ki touye papa li.
Daprè enfòmasyon jounal Premye Okazyon bay jodi vandredi 10 oktòb 2025, zak la fèt akoz konfli sou batèm ak lekòl. Pitit gason an te fache paske papa li pa t’ ba li batistè epi li pa t’ voye l’ lekòl.
Nan yon videyo viral sou rezo sosyal yo, Josil Fitho admèt ke se li ki touye papa li ak yon kout baton epi fouye twou mete li.
Pou kounya, Josil Fitho nan gadavi pou swit jidisyè nesesè yo.
Zak sila fè moun sonje kijan konfli nan fanmi ka leve sou kesyon relijyon ak edikasyon nan kèk milye riral.
0 Commentaire