Yon ayisyèn ki rele Patricia Saintizaire maltrete jouk li touye yon ti gason 4 lane li te adopte.
Aksyon sa pase Etazini, nan Florid, premye me 2024 la.
Tigason an rele Bryan Boyer, li fèt Ayiti, li rantre Etazini ane pase a. Dam ki adoptel la rele Patricia Saintizaire, li gen 36 lane. Aksyon sa pase zòn Davenport.
Enfòmasyon yo fè konnen Patricia konn maltrete Bryan anpil, bat li nan tout lestomak. Nan yon videyo Lapolis jwenn, yo wè Ayisyèn nan mare tigason an 2 bra dèyè, epi li lage l nan yon pisin, pa dèyè lakou lakay li. Pou kounya, Patricia nan men Lapolis, epi ankèt la ap kontinye.
"Nou te jwenn blesi ki endike timoun sa a te bat" . "Nou te jwenn yon blesi nan fwa li epi egzaminatè medikal la te di li te kapab sèlman yon souflèt vyolan. Otopsi a révélé li mouri paske Patricia te bat li mal anpil", se sa La Polis nan Florid fè konnen.
Pou kounya, otorite yo ap vanse avèk ankèt la annadan yo pran desizyon la lwa mande pou pran kont veritab sispè ki nan men yo a.
0 Commentaire