Le Placentin
<
Flash
news-details
Immigration

Yon santèn Ayisyen ak dominiken jwenn arestasyon yo nan Pòto Rico

Gad kot ameriken nan vil San Juan anonse yo mete anba kòd 96 imigran dominiken avèk 7 ayisyen sou dlo peyi Pòto Rico.

Operasyon sa fèt wikenn pase a an 2 tan. Fòs lòd yo arete samdi 6 avril la, nan lwès peyi a, 51 dominiken avèk 6 ayisyen ki te sou yon premye bato. Dimanche 7 avril la yo arete, nan sid peyi a, yon dèzyèm gwoup ki te gen ladanl 10 dominiken avèk yon ayisyen.

news-details

Gwoup imigran sa yo ki ilegal tap tante antre sou teritwa Porto Rico a daprè sa jounal Diario Libre rapòte.

Gad kot nan vil San Juan remèt gwoup 104 imigran sa yo avèk otorite dominikèn yo pou swit dosye a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire