Anviwon 300 imigran ayisyen pami yo 49 fanm avèk 11 minè jwenn arestasyon yo, nan 2 bato sou dlo Bahamas ak zile Turks and Caicos
Selon jounal N Digital, operasyon sa fèt nan 2 tan pandan wikenn sa. Se fòs sekirite 2 peyi sa yo ki rive entèsepte moun sa yo. Gad kot Bahamas yo pran yon premye bato ilegal nan sid achipèl atlantik la ki te gen ladanl 257 imigran.
Otorite lokal yo nan zile Turques et Caïques pran dèzyèm bato a avèk 30 imigran. Bato sa te gen ladanl 6 chyen tou.
Pou kounya moun sa yo sou kontwòl fòs lòd yo annatandan dosye sa trete pou swit yo kapab fèt.
Selon komisè Polis adjwen zile Turques et Caïques la, Mat Newton, se sou bato yo vòlè vwayaj sa yo tap fèt.
0 Commentaire