Le Placentin
<
Flash
news-details
Religion

Legliz Katolik reyaji sou zak kidnapin ki fèt sou Kire pawas Gresye a

Aprè bandi ak zam yo te simen gwo latwoublay nan komin Gresye epi arive Kidnape Kire Pawas la, achevèche a reyaji pou denonse zak malonèt sa yo ki pa sispann ogmante nan sosyete a.

"Achevèche Pòtoprens deplore kalite zak vyolans san non moun ak gwo zam ilegal komèt epi kontinye ap komèt nan komin Gresye tankou lòt kote nan peyi a: yo touye plizyè moun nan komin sa, yo eseye boule komisarya polis la, epi yo kidnape kire pawas sen Jean Baptiste ki nan Gresye a, Pè Emmanuel Saintéliat, ki pa t janm kouri kite kominote sa n ap gide a pou kont li e ki toujou disponib pou sèvi tout moun."

news-details

"Zak vyolans sa yo montre aklė kijan gen zòn nan rejyon Potoprens la ki toujou pa sou kontwòl Leta ni fòs lòd yo, men sa montre tou kijan nou rete bra kwaze ap viv nan prizon kote malè sa yo fèmen nou an, antan y ap minen sosyete a."

"Pandan n ap di jan n endinye devan zak sa yo ki vyole dwa moun k ap viv nan peyi a, Acheveche Pòtoprens ap raple, li toujou bò kote viktim yo ak fanmi yo."

"N ap lapriyè epi fè tout sa nou kapab pou nou jwenn liberasyon Pè Emmanuel Saintéliat prese prese, epi n ap pwofite fe otorite Leta yo sonje kijan yo dwe aji vit pou mete yon fren nan sitiyasyon vyolans sa epi bay tout moun dwa viv nan peyi a."

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire