Le Placentin
<
Flash
news-details
Administration

Fèt travay ak agrikilti: Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an salye kouraj agrikiltè ayisyen yo

Nan okazyon fèt travay ak agrikilti jodi mèkredi premye me 2024 la, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an salye tout fòs viv peyi a espesyalman agrikiltè ak travayè izin yo, ki se yon pilye enpòtan nan pwodiksyon nasyonal peyi a.

Nan yon kominike 9 konseye yo rann piblik la, yo fè konnen ke yap komemore avèk tristès fèt sa akoz sitiyasyon malouk sou tout plan, espesyalman sou plan sekirite peyi a ap travèse ki jete yon pil ak yon pakèt anplwaye nan chomaj, ki kraze biznis anpil sitwayen, ogmante mizè malere nan peyi a epi sitou bare solèy lespwa pèp la.

news-details

"Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fenk pran envestiti nan Palè Nasyonal, chwazi Prezidan ki pou kowòdone aktivite epi pèmèt li lanse byen vit tout aksyon ak aktivite pou fè fas kare ak move lavi pèp Ayisyen ap sibi depi kèk tan. Konsèy la detèmine, ak sipò chak grenn Ayisyen, pou I reprann bak peyi a epi fè I vanse nan bon direksyon", se sa yo anonse.

Yon lòt bò yo remèsye tout patwon alawonnbadè ki refize bese bra yo, ki vle kenbe la, kinalaganach, malgre sitiyasyon malouk n ap viv la.

"Eritaj Konsey la jwenn nan lou anpil men li detèmine pou l travay san pran souf nan kad misyon I pou l fè sekirite tounen tabli nan peyi a, garanti lavi, byen ak biznis tout moun, rebay Leta fòs ak otorite pou dirije Nasyon an, rezoud diferan defi yo epi fè lavi a vin miyò chak jou pi plis pou chak Ayisyen alawonnbadè", se sa nou Kapab li nan fen nòt sa Prezidan KPT a Edgar Leblanc Fils siyen.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire