Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi pran kontwòl Komisarya Gresye a, epi boule plizyè machin

Nèg ak zam atake komin Gresye nan lannwit vandredi 10 me 2024 la. Plizyè dizèn moun oblije ki te zòn nan pou ale pran refij lòt kote.

Popilasyon an te lanse plizyè SOS pou jwenn yon ti sekou anba nèg ak zam ki debake nan Komin nan. Yo mande La Polis pou l batay kont bandi yo ki boule plizyè kay pou yo. Nan Kad atak sa genyen plizyè moun ki sòti blese.

news-details

Bandi yo rive pran kontwòl Komisarya Gresye epi boule youn nan 2 machin ki te nan lakou pòs la, daprè yon videyo ki viral sou rezo sosyal yo.

Bandi yo pa sispann fè atak sou popilasyon an divès kote nan peyi a, malgre Misyon entènasyonal la pa lwen debake nan peyi a pou vini ede PNH la ak Lame a retabli Lapè.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire