Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Ak gwo zam fann fwa nan men yo, ajan BSAP yo nan leyogán voye gwo pinga bay Ariel Henry ak tout lapolis la

Nan yon konferans pou laprès plizyè ajan BSAP bay nan lokal ANAP la nan komin Leyogàn, jodi dimanch 4 fevrye 2024 la, ajan yo fè konnen ke yo p ap pran lòd nan men Ariel ak tout Minis anviwònman James CADET e yo voye yon pinga bay lapolis.

Plizyè ajan BSAP ki te abiye ak inifòm vè e nwa ki gen kagoul bare figi yo ak gwo zam fann fwa nan men yo bay yon konferans pou laprès nan Leyogàn jodi dimanch 4 fevriye 2024 pou voye yon pinga bay Ariel ak tout minis titèl kò BSAP la James Cadet.

news-details

Ajan yo pat mete dlo nan bouch yo pou yo te kritike Premye minis defakto Ariel Henry akoz li pran desizyon pou l mande peyi Kenya pou vin ride l rezoud pwoblèm gang yo nan peyi a, daprè ajan BSAP yo se yon souflèt Ariel Henry bay polisye ayisyen yo lè l pran kalte desizyon sila e yo tou pwofite voye yon pinga bay polisye yo pou di yo pa antre nan konfli ak BSAP sou lòd direktè polis la Frantz ELBE.

Yon lòt bò ajan BSAP nan leyogán yo kritike minis Anviwónman James CADET, selon yo menm ki se yon ajan doub leta dominiken ki ap travay pou enterè peyi vwazen an paske l gen kay ak byen laba a.

Nan yon ton byen fèm, yo fè konnen yo pap fè bak pou pèsòn e yo prè pou ale jiskobou pou yo ede popilasyon rale yon souf ak pwoblèm gang k ap wonje peyi a .

N ap raple, nan dat 22 janvye 2024 ki sot pase a la ,direktè ANAP la Jeantel JOSEPH te jwenn revokasyon l nan men gouvènman Ariel Henry ap dirije a tousuit aprè yon konsèy minis yo, e gouvènman entèdi kò BSAP la kontinye pote zam sou teritwa.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Emmanuel Junior MARC

Journaliste

Journaliste, homme de grande culture

Laissez un commentaire


0 Commentaire