Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ayisyen an anonse gen sanksyon ki pral pran kont tout lekòl ki louvri avan dat premye oktòb la.
Nan yon konferans pou laprès ki bay ayè jedi 5 septanm 2024 la, Antoine Augustin mande ajan edikatif nan tout peyi a pou travay yon fason pou ranfòse otorite lekòl la. Minis lan fè sonje : « Restore otorite lekòl», se tèm Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kenbe pou rantre lekòl 2024 la. M. Augustin raple se yon byen pou tout moun ede nan preparasyon chak grenn moun ki dwe jwe yon wòl nan konstriksyon sosyete a.
Yon lòt bò, Minis Antoine Augustin di li preyokipe lè li konstate vye chimen kèk moun vle pran ak lekòl la, lè yo kontinye ap meprize desizyon Leta ki konsène sistèm edikatif la. Minis lan fè konnen lekòl se prensipal enstitisyon ki pèmèt moun byen evolye anndan sosyete a. Men tou, li se enstitisyon ki makònen moun ak moun.
«Se nan menm lojik mete lòd nan dezòd sa a, premye responsab MENFP an envite tout ajan edikatif ak tout direktè etablisman eskolè pou yo respekte desizyon ak mezi ministè a pran. Minis lan kwè respekte otorite lekòl, se respekte otorite Leta, pandan li raple gen sanksyon ki prevwa kont tout fòm deriv sa yo. Ministè a menm konte retire lisans fonksyonman tout lekòl ki chwazi pa respekte desizyon otorite yo pran nan enterè sistèm nan.»
«Minis Augustin Antoine te pale konsa, paske li di l gen bon jan enfòmasyon ki pwouve kèk lekòl gen tan louvri pòt yo pou resevwa timoun sitou nan rejyon metropolitèn Pòtoprens lan, poutan ministè a fikse dat rantre ofisyèl lekòl la pou madi k ap premye oktòb 2024 la, pou evite tout konfli ant paran ak responb lekòl. Li tou pwofite fè sonje rantre administratif ak rantre anseyan yo toujou ap demare 16 sektanm nan pou l fini 27 sektanm.»
«Lòt bagay minis Augustin Antoine di li aprann e ki pa bon ditou pou sistèm edikatif la, se kèk direksyon lekòl prive ki ogmante yon fason espektakilè frè eskolè yo, pandan y ap mande paran peye pou kenbe plas pou elèv ki deja nan lekòl la, epi egzije yo tou pou peye an dola ameriken.»
«Bagay sa yo pa nòmal nan sistèm nan. Fòk dezòd sa yo sispann. Nou dwe sispann kraze. Ministè a pap aksepte sa. Fòk bagay yo fèt byen, jan sa dwe fèt. Fòk gen kontwòl », se sa Minis lan te rapousuiv pou di, pandan l pwofite salye sèvis lekòl prive yo ap bay bò kote Leta a ki gen pou obligasyon ofri tout moun pen enstriksyon.
0 Commentaire