Le Placentin
<
Flash
news-details
Économie

Mon Cash egzije pou tout kliyan elaji kont yo avan premye jiyè kap vini la

Sèvis Mon Cash nan yon nòt yo mete deyò jodi lendi 22 avril 2024 la, egzije tout kliyan pou elaji kont yo avan premye jiyè kap vini la.

"MonCash ap anonse tout itilizatè li yo, Bank Santral ki se regilatė sektè sèvis finansye mobil yo, fè egzijans pou tout kliyan MonCash gen yon kont elaji avan premye jiyè 2024."

news-details

Nan sans sa, Mon Cash envite e ankouraje kliyan li yo idantifye tèt yo pou yo ka elaji kont yo sou sistèm nan.

Kijan sa posib? 1. Itilize Aplikasyon MonCash la, swiv enstriksyon yo pou w ranpli fòm lan, soumèt yon pyès idantite valid ki kapab yon Lisans, yon Kat Elektoral oswa yon Paspò, epi soumèt yon foto w (sèlfi) sou menm aplilasyon an; 2. Pase nan nenpòt Magazen Digicel ak telefòn ou ak yon pyès valid;

3. Ou ka apwoche youn nan anplwaye MonCash yo ki ap disponib anpil kote nan peyi a pou ede w elaji kont ou;

4. Voye yon imèl bay ClientsMonCash@digicelgroup.com ak pyès idantite w epi nimewo telefòn ou;

4. Voye yon imèl bay ClientsMonCash@digicelgroup.com ak pyès idantite w epi nimewo telefòn ou; 5. Tann yon SMS de yon nimewo ofisyèl MonCash k ap bay detay sou entriksyon yo ak yon lyen.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire